Sòm 28
- 1 Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
- 2 Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
- 3 Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
- 4 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
- 5 Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.
- 6 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.
- 7 Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
- 8 Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.
- 9 Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian