Sòm 27
- 1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
- 2 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
- 3 Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
- 4 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
- 5 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
- 6 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.
- 7 Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
- 8 Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
- 9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.
- 10 Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
- 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.
- 12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
- 13 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
- 14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian