Sòm 29
- 1 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
- 2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
- 3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
- 4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
- 5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
- 6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
- 7 Vwa Seyè a fè zèklè.
- 8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
- 9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
- 10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
- 11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian