esc

Sòm 98

Bib La · 9 verses

  1. 1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
  2. 2 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
  3. 3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
  4. 4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!
  5. 5 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
  6. 6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
  7. 7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.
  8. 8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
  9. 9 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages