Sòm 99
- 1 Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
- 2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
- 3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
- 4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
- 5 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
- 6 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo.
- 7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
- 8 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
- 9 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian