Sòm 97
- 1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!
- 2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
- 3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
- 4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
- 5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
- 6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
- 7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
- 8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
- 9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
- 10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
- 11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
- 12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian