Sòm 92
- 1 (092:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (092:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
- 2 (092:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
- 3 (092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
- 4 (092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
- 5 (092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
- 6 (092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
- 7 (092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
- 8 (092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
- 9 (092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
- 10 (092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
- 11 (092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
- 12 (092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
- 13 (092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
- 14 (092:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
- 15 (092:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian