Sòm 91
- 1 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
- 2 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
- 3 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.
- 4 L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
- 5 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
- 6 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.
- 7 Mil (01.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (010.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.
- 8 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.
- 9 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,
- 10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.
- 11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.
- 12 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
- 13 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.
- 14 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
- 15 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.
- 16 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian