Sòm 4
- 1 (04:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (04:2) Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
- 2 (04:3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
- 3 (04:4) Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.
- 4 (04:5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
- 5 (04:6) Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!
- 6 (04:7) Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!
- 7 (04:8) Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.
- 8 (04:9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian