Sòm 5
- 1 (05:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (05:2) Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!
- 2 (05:3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.
- 3 (05:4) Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
- 4 (05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
- 5 (05:6) Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
- 6 (05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
- 7 (05:8) Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.
- 8 (05:9) Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè.
- 9 (05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
- 10 (05:11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.
- 11 (05:12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
- 12 (05:13) Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian