Sòm 3
- 1 (03:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (03:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!
- 2 (03:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
- 3 (03:4) Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.
- 4 (03:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
- 5 (03:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.
- 6 (03:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.
- 7 (03:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.
- 8 (03:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian