Sòm 2
- 1 Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
- 2 Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
- 3 Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete!
- 4 Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
- 5 Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase.
- 6 Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
- 7 Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
- 8 Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
- 9 W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
- 10 Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.
- 11 Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
- 12 bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian