Sòm 26
- 1 Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
- 2 Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',
- 3 Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.
- 4 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.
- 5 Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.
- 6 Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
- 7 pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.
- 8 Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.
- 9 Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,
- 10 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.
- 11 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.
- 12 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian