Sòm 25
- 1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
- 2 Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.
- 3 Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
- 4 Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
- 5 Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
- 6 Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
- 7 Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
- 8 Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
- 9 Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
- 10 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
- 11 Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
- 12 Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
- 13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
- 14 Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
- 15 Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
- 16 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
- 17 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.
- 18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
- 19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.
- 20 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
- 21 Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
- 22 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian