Sòm 142
- 1 (0142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (0142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.
- 2 (0142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.
- 3 (0142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.
- 4 (0142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.
- 5 (0142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
- 6 (0142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.
- 7 (0142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian