Sòm 143
- 1 Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
- 2 Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
- 3 Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.
- 4 Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.
- 5 Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
- 6 Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.
- 7 Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
- 8 Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.
- 9 Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo.
- 10 Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa.
- 11 Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m' nan tray kote m' ye a.
- 12 Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian