esc
Range after range of dark hills seen from a summit, the eastern sky beginning to pale.

Sòm 130

Bib La · 8 verses

  1. 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
  2. 2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
  3. 3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
  4. 4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
  5. 5 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
  6. 6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
  7. 7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
  8. 8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages