Sòm 129
- 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
- 2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.
- 3 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
- 4 Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
- 5 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
- 6 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
- 7 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
- 8 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian