esc

Sòm 131

Bib La · 3 verses

  1. 1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
  2. 2 Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
  3. 3 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages