esc

Sòm 124

Bib La · 8 verses

  1. 1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
  2. 2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,
  3. 3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.
  4. 4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.
  5. 5 Wi, lavalas ta pote nou ale.
  6. 6 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.
  7. 7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
  8. 8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages