Sòm 125
- 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
- 2 Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.
- 3 Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.
- 4 Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.
- 5 Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian