esc

Sòm 123

Bib La · 4 verses

  1. 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
  2. 2 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.
  3. 3 Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.
  4. 4 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages