Jenèz 8
- 1 Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
- 2 Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe.
- 3 Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (0150) jou dlo yo te konmanse bese.
- 4 Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo.
- 5 Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.
- 6 Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an.
- 7 Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè.
- 8 Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a.
- 9 Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.
- 10 Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an.
- 11 Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.
- 12 Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò.
- 13 Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (0601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch.
- 14 Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt.
- 15 Lè sa a, Bondye di Noe:
- 16 -Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.
- 17 Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.
- 18 Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo.
- 19 tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.
- 20 Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.
- 21 Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
- 22 Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
God remembers Noah, a wind passes over, the waters go down, and the vessel rests. A raven is sent, then a dove three times. They come out, and an altar is built.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian