Jenèz 23
- 1 Sara viv sanvennsetan (0127 an).
- 2 Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.
- 3 Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa:
- 4 -Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'.
- 5 Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa:
- 6 -Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou.
- 7 Abraram kanpe. Pa respè pou moun Et yo, li bese tèt li byen ba devan yo.
- 8 Li di yo: -Si nou dakò pou m' antere madanm mwen isit la, pou m' wete kadav li devan je m', koute sa m'ap di nou. Nou konnen Efwon, pitit gason Zoka a? Pale avè l' pou mwen.
- 9 Mande l' pou l' vann mwen twou wòch Makpela a ki pou li nan bout jaden l' lan. Mande l' pou l' vann mwen li pou pri li vo, pou sa ka sèvi m' simityè isit la.
- 10 Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li:
- 11 -Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou.
- 12 Men, Abraram bese tèt li byen ba devan moun Et yo.
- 13 Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'.
- 14 Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou:
- 15 Yon moso tè ki vo katsan (0400) pyès lò, pa gen rezon pou n'ap diskite pou sa. Antere madanm ou sou li non!
- 16 Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan (0400) pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a.
- 17 Se konsa, moso tè Efwon te gen Makpela a, anfas peyi Manmre a, ansanm ak tout twou wòch la ak tout pyebwa ki nan jaden an, jouk sou lizyè li,
- 18 yo vin pou Abraram, devan tout moun Et yo, devan tout moun ki te bò pòtay la.
- 19 Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran.
- 20 Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
Sarah dies at a hundred and twenty-seven. Abraham asks the people of the land to sell him a burial place, refuses to be given it, and pays four hundred shekels of silver for a field and its cave.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian