Chante Salomon 2
- 1 Se yon woz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak.
- 2 Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmòrèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.
- 3 Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.
- 4 Li mennen m' yon ti kote al bwè avè l'. Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen.
- 5 Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen!
- 6 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li!
- 7 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.
- 8 Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
- 9 Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
- 10 Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!
- 11 Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.
- 12 Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa.
- 13 Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!
- 14 Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
- 15 Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k'ap fleri.
- 16 Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo.
- 17 Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian