Chante Salomon 3
- 1 Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li.
- 2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.
- 3 Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?
- 4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.
- 5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle.
- 6 Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
- 7 Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.
- 8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.
- 9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,
- 10 Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo.
- 11 Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian