Chante Salomon 1
- 1 Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo.
- 2 Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl.
- 3 Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
- 4 Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
- 5 Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
- 6 Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
- 7 Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
- 8 Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
- 9 Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
- 10 Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo!
- 11 Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'.
- 12 Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
- 13 Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'.
- 14 Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi.
- 15 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon.
- 16 Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
- 17 Branch bwa sèd yo sèvi nou travès kay, branch pye chenn yo sèvi nou twati.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian