Zakari 7
- 1 Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari.
- 2 Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a.
- 3 Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?
- 4 Lè sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pale avè m', li di m' konsa:
- 5 -Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?
- 6 Konsa tou, lè nou t'ap manje, lè nou t'ap bwè, èske se pa t' pou pwòp plezi pa nou?
- 7 Se menm mesaj sa a Seyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.
- 8 Seyè a pale ak Zakari, li di l' konsa:
- 9 -Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.
- 10 Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
- 11 Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
- 12 Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.
- 13 Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pa t' koute l' lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pa t' reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l'.
- 14 Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pa t' konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pesonn ladan l'. Yon bon peyi konsa, yo fè l' tounen yon dezè.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian