Zakari 6
- 1 Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.
- 2 Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.
- 3 Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'.
- 4 Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt?
- 5 Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.
- 6 Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la.
- 7 Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankò pou y' al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè.
- 8 Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.
- 9 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
- 10 -W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.
- 11 W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l' sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la.
- 12 Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
- 13 Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.
- 14 Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.
- 15 Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian