esc

Sòm 82

Bib La · 8 verses

  1. 1 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
  2. 2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
  3. 3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
  4. 4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
  5. 5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
  6. 6 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
  7. 7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
  8. 8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages