Sòm 81
- 1 (081:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (081:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
- 2 (081:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
- 3 (081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
- 4 (081:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!
- 5 (081:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:
- 6 (081:7-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
- 7 (081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
- 8 (081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
- 9 (081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
- 10 (081:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
- 11 (081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
- 12 (081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
- 13 (081:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
- 14 (081:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.
- 15 (081:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.
- 16 (081:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian