Sòm 77
- 1 (077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
- 2 (077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
- 3 (077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
- 4 (077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
- 5 (077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
- 6 (077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
- 7 (077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
- 8 (077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
- 9 (077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
- 10 (077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
- 11 (077:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
- 12 (077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
- 13 (077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
- 14 (077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
- 15 (077:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
- 16 (077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
- 17 (077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
- 18 (077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
- 19 (077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
- 20 (077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian