Sòm 76
- 1 (076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
- 2 (076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
- 3 (076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
- 4 (076:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
- 5 (076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
- 6 (076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
- 7 (076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
- 8 (076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
- 9 (076:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
- 10 (076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
- 11 (076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
- 12 (076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian