Sòm 73
- 1 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
- 2 Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
- 3 paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
- 4 Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.
- 5 Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
- 6 Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
- 7 Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
- 8 Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
- 9 Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
- 10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
- 11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
- 12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.
- 13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?
- 14 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.
- 15 Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.
- 16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,
- 17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.
- 18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
- 19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
- 20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
- 21 Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.
- 22 Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
- 23 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.
- 24 Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
- 25 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
- 26 Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
- 27 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
- 28 Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian