Sòm 72
- 1 Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
- 2 Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
- 3 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
- 4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
- 5 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
- 6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
- 7 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
- 8 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
- 9 Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
- 10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
- 11 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
- 12 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
- 13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
- 14 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
- 15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.
- 16 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
- 17 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
- 18 Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
- 19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
- 20 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian