Sòm 39
- 1 (039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
- 2 (039:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.
- 3 (039:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:
- 4 (039:5-)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
- 5 (039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
- 6 (039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
- 7 (039:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
- 8 (039:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.
- 9 (039:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.
- 10 (039:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
- 11 (039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
- 12 (039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
- 13 (039:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian