Sòm 38
- 1 (038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
- 2 (038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
- 3 (038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
- 4 (038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
- 5 (038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
- 6 (038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
- 7 (038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
- 8 (038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
- 9 (038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
- 10 (038:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
- 11 (038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
- 12 (038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
- 13 (038:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
- 14 (038:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
- 15 (038:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
- 16 (038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
- 17 (038:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
- 18 (038:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
- 19 (038:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
- 20 (038:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
- 21 (038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
- 22 (038:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian