Sòm 20
- 1 (020:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (020:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.
- 2 (020:3) Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou.
- 3 (020:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.
- 4 (020:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.
- 5 (020:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.
- 6 (020:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
- 7 (020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
- 8 (020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.
- 9 (020:10) Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian