Sòm 19
- 1 (019:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (019:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
- 2 (019:3) Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a.
- 3 (019:4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi.
- 4 (019:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
- 5 (019:6) Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.
- 6 (019:7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
- 7 (019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
- 8 (019:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
- 9 (019:10) Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
- 10 (019:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
- 11 (019:12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
- 12 (019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
- 13 (019:14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.
- 14 (019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian