esc
A road climbing toward the hills, one ridge rising behind another.

Sòm 121

Bib La · 8 verses

  1. 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
  2. 2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
  3. 3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
  4. 4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
  5. 5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
  6. 6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
  7. 7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
  8. 8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages