esc

Sòm 114

Bib La · 8 verses

  1. 1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
  2. 2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.
  3. 3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
  4. 4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
  5. 5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
  6. 6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
  7. 7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
  8. 8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages