esc

Sòm 113

Bib La · 9 verses

  1. 1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
  2. 2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
  3. 3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
  4. 4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
  5. 5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
  6. 6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
  7. 7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
  8. 8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
  9. 9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages