Sòm 108
- 1 (0108:1) Se yon chante David. (0108:2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
- 2 (0108:3) M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!
- 3 (0108:4) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
- 4 (0108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
- 5 (0108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
- 6 (0108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
- 7 (0108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
- 8 (0108:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
- 9 (0108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
- 10 (0108:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
- 11 (0108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
- 12 (0108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
- 13 (0108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian