Sòm 101
- 1 Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè!
- 2 M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?
- 3 M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
- 4 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
- 5 M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
- 6 M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.
- 7 Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.
- 8 Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian