Oze 6
- 1 Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo.
- 2 Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'.
- 3 N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
- 4 Seyè a di: -Nou menm moun Efrayim, kisa pou m' fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m' fè ak nou? Nou renmen m', se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nwaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.
- 5 Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou.
- 6 Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.
- 7 Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.
- 8 Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye.
- 9 Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'.
- 10 Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
- 11 Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian