Oze 5
- 1 Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.
- 2 Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout.
- 3 Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
- 4 Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!
- 5 Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.
- 6 Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.
- 7 Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.
- 8 Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.
- 9 Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.
- 10 Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann!
- 11 Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k'ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay.
- 12 M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti.
- 13 Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo.
- 14 M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.
- 15 M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian