esc
Knotted fishing nets spread to dry on a stony lake shore, weighted with pierced stones.

Matye 4

Bib La · 25 verses · Forty days, and three tests

  1. 1 Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'.
  2. 2 Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
  3. 3 Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.
  4. 4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.
  5. 5 Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.
  6. 6 Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
  7. 7 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.
  8. 8 Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo.
  9. 9 Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.
  10. 10 Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.
  11. 11 Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.
  12. 12 Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile.
  13. 13 Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.
  14. 14 Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:
  15. 15 Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,
  16. 16 pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
  17. 17 Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
  18. 18 Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
  19. 19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.
  20. 20 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.
  21. 21 Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.
  22. 22 Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li.
  23. 23 Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
  24. 24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.
  25. 25 Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.

Served exactly as published. Public domain.

Understand this verse

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

Explained

Understand this chapter

Jesus is led into the wilderness, fasts forty days, and is tested three times. He then hears that John has been arrested, moves to Capernaum by the sea, begins to preach, and calls four fishermen away from their nets.

Read the explanation

In other languages