Matye 3
- 1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a.
- 2 Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
- 3 Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
- 4 Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa.
- 5 Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.
- 6 Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
- 7 Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
- 8 Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
- 9 Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
- 10 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.
- 11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
- 12 Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
- 13 Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li.
- 14 Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou?
- 15 Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.
- 16 Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li.
- 17 Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
John appears in the wilderness of Judea telling people to repent, and crowds come out to be baptised in the Jordan. He warns that someone stronger is coming. Then Jesus arrives to be baptised, John objects, and gives way.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian