Mak 16
- 1 Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi.
- 2 Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a.
- 3 Yonn t'ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
- 4 Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.
- 5 Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè.
- 6 Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.
- 7 Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a.
- 8 Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.
- 9 Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)
- 10 Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye.
- 11 Men, yo pa t' vle kwè Mari, lè l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l' ak de je mwen.
- 12 Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.
- 13 Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t' ankò vle kwè toujou.
- 14 Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
- 15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
- 16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
- 17 Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
- 18 Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
- 19 Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
- 20 Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
Three women come at sunrise with spices, worrying about who will move the stone, and find it already moved. A young man in white tells them he has risen and is not here, and sends them to tell the disciples.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian