Jonas 3
- 1 Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas,
- 2 li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a.
- 3 Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la.
- 4 Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.
- 5 Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè.
- 6 Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife.
- 7 Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè.
- 8 Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.
- 9 Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.
- 10 Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian